lundi 2 septembre 2019

Eske w konnen Cantave .K ?

 
                  Eske w konn Cantave. K ?


  Si lavi anpil jèn an Ayiti se dezespwa akòz absans leta. Men sa pa retire anyen nan detèminasyon kèk lòt ki vle fè ladiferans. Se nan kategori moun sa yo CANTAVE Kerven fè twouve l, li se yon jèn atis e non sèn li se Cantave.K. Se yon 2 septanm 1996 ki ta pral tande l ap kriye pou premye fwa. Kerven ap viv kafou, nan zòn Bèten. Li se premye pitit kote li gen 3 sè ak 4 frè ki suiv li.
 

  Kerven te komanse etid Klasik li ICDH  ( Institution Chrétienne D'Haiti ) pou li te ale bout yo  CMEP  ( College Mixte Eddy Pascal ). Aprè yon lane li te fè ap etidye administrasyon nan UNITECH(Université Technologique d'Haïti) . Men akòz fanmi l te toujou vle li vin medsen e se sa ki ta pral menmen l pran wout UNIFA (Université Fondation Aristide) nan branch sa. Se la tout bon Kerven ta pral vin montre tout moun sa  l genyen nan djakout li. Paske, depi nan premye antre li, li te kòmanse anime aktivite ki ap fè moun ri.  Menm si l te konn fè sa depi nan aktivite kiltirèl Eddy Pascal yo.  Jèn imoris lan ta pral kite medsin lan pou l ale pran fòmasyon nan animasyon ak prezantasyon nan  Ku Production.  Aprè sa, li  ta pral fè yon kout pye nan ACTE (Ecole de d'acteur et d'animateur) kote l pran fòmasyon nan teyat  ak  imou.


   Sòti nan animasyon san parèy li te konn bay Miss Eddy Pascal an 2014 pou tonbe nan  chalè li te konn mete nan Génie Brain Challenge (2016-2017), se te pou li de bèl eksperyans ki make karyè l e ki ba l popilarite. Cantave.K ki te konn rele tèt li ''Pi jèn animatè nan Kafou '' te montre sa klè fas ak kantite demand staf li a t ap jere ak kalite travay li te konn ap bay sou sèn. Nan Yon lòt bò depi 2 septanm 2018 Cantave.K lanse karyè imoris li nan Roroli Hotel depi lè sa jèn imoris lan ap  fè elòj metye a pandan l ap fè moun griyen dan yo. Talan li pèmèt li gentan travay ak anpil atis tankou: Atys Panch, D-perfect, Gaelle Bien-aimée  pou n site sa yo sèlman.


  Se vre gen presyon ak tout sa vi yon atis mande men li tèt frèt. San engratitid Cantave. K remèsye tout moun ki patisipe nan moun li ye jodi a pandan li p ap bliye mete chapo l byen ba pou Gaelle Bien-aimée ki te ede l lanse l nan imou e li pran tan pou li souliye enfliyans pwofesè li Gaelle, gen sou travay l ap pwodui yo. Nou sèlman ap espere li ap kontinye amelyore kalite travay li yo pou l byen reprezante peyi a tout kote.
                                                                                                Rodolson JEANTY  02/09/2019
                                                                                                  jeantydolman87@gmail.com