Kreyòl-Fòmasyon : festival literati kreyòl ap mache men nan men ak medya yo .
Festival entènasyonal literati kreyòl te fè yon fòmasyon sou kominikasyon kreyòl pou jounalis nan lokal DNL ( Direction nationale du livre ) Ri 3 # 10 , Pako. Sòti a 10 è pou rive 3 è .
Nan yon sal mwatye plen , byen ranje, kote pankat festival la ak pa DNL sèvi fon dekorasyon, youn nan responsab festival la kanpe, pran mikwo l pou swete patisipan yo byenvini . Aprè sa , li te pase Monseyè Pierre André Piere lapawòl pou li te fè yon rale sou istwa lang kreyòl la. Kote li te montre pwa istwa kolonizasyon an jwe anpil sou sa lang nan vin ye jounen jodi a . Epi kòman otorite nou yo pa t vrèman ba lang nan yon gwo enpòtans .
Sòti depi sou konstitisyon 1801 an pou rive sou Duvalier yo se te franse sèlman ki te lang ofisyèl nan administrasyon piblik la . Menm si refòm Bèrnard a nan lane 1979 t ap pèmèt kreyòl la rantre nan ledikasyon . Se jis nan konstitisyon 29 mas 1987 la nan atik 5 la yo vin deklare kreyòl se youn nan lang ofisyèl peyi a . Epi menm konstitisyon sa t ap kite dispozisyon legal pou akademi kreyòl la kreye nan atik 213 ,215 ak 216 .
Tousuit aprè , Wilner Dorlus te wè modil sou sosyolenguistik kote l te defini sa k sosyolenguistik lan epi montre li la pou etidye diferans nan pale chak gwoup ki nan sosyete a . Aprè li ta pral montre wòl jounalis yo genyen nan bay kreyòl la bourad pandan yo ap pale l ak ekri l jan sa dwe fèt .
Se menm pozisyon sa tou pwofesè Pierre Michel Chéry te genyen pandan li t ap montre fonksyònman sèvo Ayisyen bileng yo. Li te bay kèk egzèsis tradiksyon kote l te tou pwofite korije entèferans anpil jounalis ap fè chak jou .
Menm si tan an te piti men gen youn nan patisipan yo ki te swete aprann pi plis menm si an gwo anpil konesans te pataje . Nou espere aktivite nan sans sa ap kontinye pou bay lang kreyòl la jarèt la toutbonvre .
Rodolson JEANTY
jeantydolman87@gmail.com