samedi 2 novembre 2019

FUN-KILTI: Fanatik Funclub yo te pran plezi yo an kreyòl

  
 Hd-Funclub gentan sou ventuityèm edisyon l men l vle pou l toujou ajoute yon ti diplis nan chak sòti aktivite sila . Fwa sa , jou dimanch ki te 27  oktòb 2019 la , College de Cote-Plage te louvri baryè li byen gran pou fun-kilti. Depi kèk tan se yon tandans ki sèvi mak frabrik pou semèn lang ak kilti kreyòl la . 
   
  Li te apenn 5 è , diyo Cantave_Bendibi te gentan pare pou met chalè . Yo te kòmanse ak konpetisyon dans yo pandan yo te ajoute yon ti pense dan griyen ladann.  Yo te tou pwofite pou evite de bò yo nan dans lan : bò Timtim ak bò bwa chèch .  
  
    Se Boucher Tsaphkieler ki te bay  premye prestasyon an, li te ofri piblik la de bèl pwezi. Aprè sa , piblik la te pran plezi nan tande dedikas yo . San n p ap  bliye bèl jwèt trakdiksyon fransè-kreyòl pwovèb yo ki te met de bò yo fas a fas . 
    
  Seriz sou gato a se vwa Sarah Laynah FANFAN ki te mete  ak  yon koregrafi Tequila Dance kote yo  te melanje Hip-hop ak Rasin. Pati sa , nan tout sans te fè fanatik yo plezi . San n p ap bliye bèl Miks didye Jay´s ki t ap reveye yon solèy midi nan piblik la . Youn nan bagay tou nèf Fun Kilti te pote nan djakout li se seri ´´No comments´´ lan e se Leila Leyardine LOUIS  ki te prezante l kote li te  montre orijin kèk ekspresyon n ap sèvi chak jou nan lang kreyòl la  : Antwàn nan Gomye , Lwijanboje ...
       
  Pou n te fini bèl cho sa ak lajwa lakontantman , kòm dabitid de animatè yo te graje moso anbyans nan kè fanatik ´´Fun-club´´ yo sou lakou an. Pandan yo te  tou lanse envitasyon pou dimanch pwochen . Ekip HD-PROMO a bay piblik la randevou lòt dimanch pou yon funclub sou pi bèl koulè . Ak Funclub , chak dimanch pote plezi nan pla men l.





                                                                                



Redaktè: Babas HD
babas.rochefort@gmail.com
Tradiktè : Rodolson JEANTY

Aucun commentaire: