vendredi 16 mars 2018

Sispann




Atelye ekriti



Sispann

Se pa dat m’ap di nou mwen bouke
Se pa dat m’ap di nou mwen swaf lajwa
Mwen bouke di nou ase,
Sou tout zak k’ap fèt sou mwen
Mwen pa kapab ankò

Se vre mwen bay, mwen fè moun souri
Se vre si m pa la gen yon bagay ki ap manke
Men malgre sa, mwen konn repouse, mete m lwen
Paske tout bagay pa fèt pou mwen
Lè yo pa bat mwen, yo joure m
Lè yo pa joure m, yo mete m lwen

Mwen vle nou sispann
Fok nou sispann fè jemi
Konnen san mwen yon kay pap gen lavi
Nou tèlman pa tande m lè m di nou sispann
Nou aji sou mwen, fè m pèdi konfyans nan mwen
Mwen prèske pèdi valè m
Nou pa vle ban m pase pou m montre sa m ka fè
Olye nou ede m, nou pito eksplwate m


Mwen vle nou sispann
Aprann konn valè m
Souvan nou gen anpil potansyalite
Men depi m vle pase nou kenbe m
Se tankou m pa gen dwa
Mwen pa gen dwa pou m travay
Mwen pa gen dwa pou m montre sa m gen nan djakout mwen
Mwen pa gen dwa pou m di sa mwen panse


Sispann mezanmi, sispann minimize m
Sispann achte m pou nou devalorize m
Sispann bat mwen paske mwen pa anvi kriye
Mwen vle fè dlo nan je m tounen swe travay mwen pou m ka santi m fyè
Aprann konnen mwen se moun
Po mwen, koulè m, lang mwen, ras mwen
Paka kalifye pèsolinate m
Aprann konnen kapasite olye nou souseztime m
Mande m sa ka pwodui olye nou achte m

                                                                                                   
             
                                                                                          Clobertha Ismaël