vendredi 2 novembre 2018

Ann di : "Nou tout se kreyol" ak Kreyololo


Ann di ‘’Nou tout  se kreyòl ‘’













Sèlman yon lane ak kèk mwa depi  NOUSEJEN kreye, men li gentan ofri  piblik li a yon bann bèl aktivite. NOUSEJEN (Nouvelle Orientation pour l’Union, la Sauvegarde et éducation des jeunes pour l'émancipation nationale) vin tankou yon òganizasyon referans nan komin kafou. Gwoup sila a, refrape ankò nan tèt kole ak GRAPES (Groupe D’art pour la Promotion de l’Eclairage et de la Scénographie) nan dat 26, 27, ak 28 oktòb ki sot pase la. Diran twa jou sa yo, aktivite yo te tanmen nan 2 espas  : "Au coin d’or restaurant’’ (ki chita kò l nan kafou , Mawotyè 77) epi kay pè salezyen(kot plaj 16). Ansanm, yo te vini ak yon pwogram  ‘’Kreyololo’’  nan objektif pou yo selebre jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl la. Daprè yo, yon jounen konsa pa ta dwe janm pase san yo pa founi je gade l paske si n ap ranmase sa y ap di, n ap jwenn yo di ‘’ nou tout se kreyòl ‘’.

             Selebrasyon jounen sa a t ap manke  si pa t genyen jwèt tradisyonèl  ak manje lakay e  pati sa a NOUSEJEN te  byen konprann li. Li te kontinye ap òganize aktivite ki ale nan sans sa a  kay pè salezyen yo. Nan samdi 27 oktòb la ki te yon jounen manman penba avèk yon pakèt envite tankou: Harry Nicolas “ki gen non jwèt li mèt fèy vèt’’ Gérard Marie Tardieu, Peterson Noel ak Syndie Pierre Louis. Bouch moun ki t ap patisipe yo pa t sispann kouri dlo devan : diri ak lalo, tonmtonm, marinad ak sòs. Aprè sa te genyen atelye lang, mizik ak penti. Se te nan lòd sa a, gran pwen aktivite yo te dewoule. Daprè kèk patisipan jounen sa a ap rete grave nan memwa yo. E yo te jwenn plis pase sa yo te swete.

            Malgre tout gwo bagay sa yo nan 2 jou, NOUSEJEN ak GRAPES pa t ko fin siprann piblik la. Nan dimanch ki te 28 oktòb la, jou ekzat selebrasyon entènasyonal lang ak kilti kreyòl la. Selebrason jounen sa a , te gen yon koudjay kiltirèl . Se te yon sware plezi ki te genyen: Chan, teyat, lekti senik, slam ak dans. Gwo bravo lakontman te tonbe pou Jean Makender (chanpyon konkou slam karayib la), EdoSlam ak Samysam yon slamè ki boure ak talan te fèmen seyans sila. Aprè slamè yo, bèl vwa Jose Philippe François ak Elena Thomas te chame piblik la. Dan griyen te rantre nan koze a tou ak gwoup ‘’Ca et ma “. Epi n pa ta ka bliye prestasyon twoubadou gwoup ‘’ tas kafe  dous ‘’ ki te mete plezi pou yon piblik ki te swaf jan  de aktivite a sa yo.

            An gwo, twa jou aktivite sa yo te yon reyisit pou komite òganizatè a. Pou NOUSEJEN pa gen pi bèl fason yo te ka selebre jounen  sa a,  anmenm tan tou yo espere yo refèl pi bèl  ankò ane k ap vini. N ap raple se jèn ki fè NOUSEJEN e li la pou jenès la. Yon jenès pou NOUSEJEN se  premyeman fason ou panse. Lè n konnen ou pa janm twò jèn pou w byen aji e ‘’kreyololo’ ’ montre n sa paske nou se kreyòl. 

                                                                         
                                                                                                      Tradiktè Rodolson  JEANTY

Redaktè : Hyacinthe Samuel
hyacinthemarcsamuel@gmail.com
HD-MAGAZINE
           
             

Aucun commentaire: